Episodes
4 days ago
4 days ago
Segman Imigrasyon ak Taina Exant, Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Mobilizasyon pou n al kontre ak Wiliiam Ruto ak madanm li nan Washington; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA Washington jedi 23 me kont prezans prezidan Kenya a William Ruto ak madanm nan k aprale nan mezon blanch
Segman Imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Anons
Nouvèl
-Tantativ sasinay sou Premye Minis Slovaki a Robert Fico
-Ti diplis sou eleksyon Repiblik Dominikèn k ap fèt demen an
-Sanble tout bagay ta fin klè pou okipasyon Meriken degize Kenya a avanse
Anons
-Aktivite k ap fèt pou make 99yèm anivèsè nesans Malcolm X nan NY la
5 days ago
5 days ago
Mobilizasyon pou manif kont Biden ak Ruto nan Washington; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA nan Washington jedi 23 me 2024 pou n al denonse tchoul restavèk William Ruto ak madanm li k ap vini Washington ak mèt ke li
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Nouvèl:
-Ap gen eleksyon nan Repiblik Dominikèn demen dimanch lan
-Kolektif 30 janvye di li pa rekonèt antan 4 prezidan k ap fè 5 mwa chak la; Pou yomenm Edgar Leblanc gen pou l fè tout 20 mwa a pou kont li
-Leslie Voltaire ba jounal Nouvelliste yon entèvyou ak detay sou sa dragon 9 tèt la ap regle
-Vwa komedyen Cantavek "Dr. Cocktail" sou travay initil Dragon 9 tèt la
-Vwa "Pa Anmede" k ap esplike pou ki sa l pa fè bri dèske Ariel Henry pa la ankò: "Meriken a mete, Meriken a wete, ke sa sent volonte swafèt"
-Atik NY Times pibliye yè ak detay sou debakman sòlda Kenya yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
6 days ago
6 days ago
Mobilizasyon pou n al manifeste kont Joe Biden ak Wiliiam Ruto nan Washington; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA nan Washington jedi 23 me 2024 pou n al denonse tchoul restavèk William Ruto ak madanm li k ap vini Washington ak mèt ke li
Deklarasyon 26 mas KOMOKODA a
Nouvèl
-Dènye nouvèl nan lagè Etazini ak bizawèl li yo ap mennen kont Larisi nan Ikrèn
-Dènye nouvèl sou jenosid Israel ak Etazini ap fè sou Palestinyen yo; Anbasadè Meriken nan Israel Jack Lew di pinga pèsonn konprann Meriken gen kont ak Israel akoz dosye Rafah a; Senatè Meriken Lindsay Graham di li lè pou Israel lage yon bonb nikleyè sou Gaza
-Apre lèt Dragon 9 tèt la te voye bay Ruto semèn pase, yè lendi a yo mete yon nòt pou laprès pou denonse zak atoufè yo nan Gresye epi yo di bandi yo ta lè konsa dèzòd la pral fini paske Ruto nan wout
-Jij nan Manhattan ki chita sou chirepit ki genyen nan mitan lawon Ayisyen yo sou dosye parad "18 me" Manhattan nan fè yo chita antann yo
-Lèt Edwidge Danticat ak Jhumpa Lahiri, 2 ekriven ki se ansyen etidyan inivèsite Columbia ki tou 2 ap anseye nan lekòl sa a jodi a ki denonse agresyon inivèsite a sou etidyan ak pwofesè k ap manifeste kont jenosid Palestinyen yo ap sibi a
-Pou fanmi yo pran prekosyon nan lari NY la akoz vyolans k ap fèt sou inosan sitou fanm nan lari a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
7 days ago
7 days ago
Mobilizasyon pou n al kontre ak Wiliiam Ruto ak madanm li nan Washington; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon Washington jedi 23 me kont prezans prezidan Kenya a William Ruto ak madanm li k aprale nan mezon blanch
Refleksyon nou sou rezon k fè KOMOKODA kanpe jan n kanpe anfas Washington ak Kenya ak CARICOM nan epi sa k fè van tanpèt k ap vante pa p janm chanje pozisyon nou
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Anons
Thursday May 09, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 9 me 2024
Thursday May 09, 2024
Thursday May 09, 2024
Mobilizasyon pou n al kontre ak Wiliiam Ruto ak madanm li nan Washington; Segman Imigrasyon ak Taina Exant, Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Rezilta konbit pou radyoton Radio Omega a; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Bòn fèt Mirlande
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA Washington jedi 23 me kont prezans prezidan Kenya a William Ruto ak madanm nan k aprale nan mezon blanch
Segman Imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Panko genyen yon nouvo TPS pou Ayiti, Tanpri pa pote lajan nou ba chalatan pou yo ranpli TPS pou nou
Oditè Eritye Papa Desalin yo sanble $960 pou radyoton Radio Omega a
Nouvèl
-Yon lapli avyon militè Meriken ap pote zagribay pou ranje kabann pou Kenya
-Nou salye òganizasyon Renouvo Demokratik ki voye di KOMOKODA y ap ansanm ak nou nan Washington jedi 23 me pou n al bat chalbari dèyè William Ruto
-Gwo parad militè nan Larisi pou peyi a selebre Jounen Viktwa a, jou Inyon Sovyetik te fese do Almay Adolph Hitler atè; Nan diskou li Vladimir Putin di li pa p chache pèsonn kont men li vle tout moun konnen zam nikleyè Larisi pare epi dwèt li pa janm lwen bouton chavire a
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Aladènye segond yon oditè ajoute $140 sou $960 pou Radio Omega a ki mennen nou nan chif $1100 nou te ranmase ane pase a! Nou di tout fanmi Eritye Papa Desalin nan Mèsi, Mèsi, Mèsi anpil
Wednesday May 08, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 8 me 2024
Wednesday May 08, 2024
Wednesday May 08, 2024
Mobilizasyon pou manif kont Biden ak Ruto nan Washington; Nouvo dizon pou jere dragon 7 tèt la; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA nan Washington jedi 23 me 2024 pou n al denonse tchoul restavèk William Ruto ak madanm li k ap vini Washington ak mèt ke li
Nouvo dizon anonse nan mitan kòken Dragon 7 tèt la:
-Edgard Leblanc pa p prezidan pou 18 mwa ankò
-4 tèt ki te kandida yo ap fè rotasyon
-Apati jodi a se 5 vòt sou 7 k ap konstitiye yon majorite
Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista
Ranmase sou prezantasyon fim Alain Martin "The Forgotten Occupation" ak dyalòg sou sitiyasyon Ayiti Community Movement Builders ak Rasanbleman pou Ayiti te fè yè swa nan Brooklyn College
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Tuesday May 07, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 7 me 2024
Tuesday May 07, 2024
Tuesday May 07, 2024
Ki pwoblèm KOMOKODA ak pwojè Kenya a; Liy ouvè ak oditè yo; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Konbit pou radyoton Radio Omega SCA: Jodi a se dènye jou radyoton an
Dragon 7 tèt la anonse Edgar Leblanc Fils kòm prezidan epi Fritz Belizaire kòm premye minis san yo pa menm vote
Deklarasyon 26 mas KOMOKODA a
Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA nan Washington jedi 23 me 2024 pou n al denonse tchoul restavèk William Ruto ak madanm li k ap vini Washington ak mèt ke li
Apre Gregory Meeks ki mande pou William Ruto nan pale devan Asanble Nasyonal Meriken an, Majistra Atlanta a Andre Dickens, yon lòt ti tchoul restavèk nwa Meriken anonse li envite Ruto ak madanm li pou vin vizite yo
Refleksyon nou sou okipasyon Meriken degize k ap planifye ak Kenya a ak enpòtans pou pou noumenm Ayisyen ak zanmi Ayiti ki nan dyaspora Etazini an kanpe anfas vizit William Ruto Ozetazini an; Nou adrese rezon Ruto te parèt kòm akize nan tribinal entènasyonal
Liy ouvè ak oditè yo
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Inivèsite Columbia anonse yo anile gwo seremoni gradyasyon yo ki te gen pou fèt mèkredi 15 me a
-Lapolis NY arete yon bann manifestasyon k ap sipòte pèp Palestinyen an ki te pran wout pou Metropolitan Museum of Art nan Manhattan
-Ministè Lasante Ayiti anonse teworis yo fèmen 34 lopital ak sant sante nan depatman lwès la
-Gwo negosyasyon ap bwase nan mitan dragon 7 tèt la sou "prezidans" Edgar Leblanc an ak fason desizyon ap gen pou fèt nan mitan lawon yo
Anons
Monday May 06, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 6 me 2024
Monday May 06, 2024
Monday May 06, 2024
Mobilizasyon pou n al kontre ak Wiliiam Ruto ak madanm li nan Washington; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Mobilizasyon pou manifestasyon Washington jedi 23 me kont prezans prezidan Kenya a William Ruto ak madanm nan k aprale nan mezon blanch
Levanjil Liberasyon ak frè nou Prince Tiecoura Dorleans Dessalines
Anons
-Ti komik Gregory Meeks ki se yon depite nwa Meriken ap fè mannèv pou esklav William Ruto ta pale devan asanble senatè ak depite Meriken yo etan l isit nan Mezon Blanch la
-Peyi Suriname anonse l ap voye sòlda peyi li nan lòbèy Kenya a
-Gouvènman Meriken an anonse li voye $60 milyon materyèl milite pou sipòte misyon Kenya a; Yo tou anonse yo deja genyen "contractors" ak sòlda Meriken k apral antrene polis ak militè misyon Kenya a
-Pale anpil ant kòken konsèy prezidansyèl yo; Minorite pèdan an fache kou kong epi yo pwopoze olye se 4 sou 7 ki ta konstitiye yon majorite, fòk se ta 5 sou 7
-Apre eleksyon k fèt yè a, peyi Panama gen yon nouvo Prezidan k pral pran pouvwa nan mwa jiyè k ap vini an
Thursday May 02, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 2 me 2024
Thursday May 02, 2024
Thursday May 02, 2024
Mobilizasyon epi gwo represyon lapolis nan kolèj ak inivèsite Etazini ak bizawèl li yo; Mobilizasyon pou n al kontre ak Wiliiam Ruto ak madanm li nan Washington; Dragon 7 tèt Meriken-CARICOM nan ta kòmkwa ateri an katimini maten an; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Gwo mobilizasyon epi gwo represyon lapolis nan kolèj ak inivèsite Ozetazini epi atravè lemonn
Mobilizasyon pou manifestasyon Washington jedi 23 me kont prezans prezidan Kenya a William Ruto ak madanm nan k aprale nan mezon blanch
Renouvèlman oswa redeziyasyon TPS pou Ayisyen nan jou k ap vini yo
Refleksyon nou sou vòlè k ap vòlè vòlè anndan dragon 7 tèt Meriken-CARICOM nan
Depite Meriken Gregory Meeks mande pou kongrè Meriken an end
Liy ouvè ak oditè yo
Anons
Wednesday May 01, 2024
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi Premye me 2024
Wednesday May 01, 2024
Wednesday May 01, 2024
Jodi a se Premye me, fèt Kouzen Zaka, Agrikilti ak Travay; Mobilizasyon pou manif kont Biden ak Ruto nan Washington; Repòtaj Kay Vwazen Kiba; Lòbèy gen tan pete nan mitan kòken Dragon 7 tèt yo; Liy ouvè ak oditè yo ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Jodi a se Premye me, Fèt Kouzen Zaka, fèt Agrikilti ak Travay
Mobilizasyon pou manif kont Biden ak Ruto nan WashingtonRepòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Ti koze sou atak Meriken te fè pou chache kraze Revolisyon Kiben an nan Playa Giron 17-20 avril 1961
Lòbèy gen tan pete nan mitan kòken Dragon 7 tèt yo
Liy ouvè ak oditè yo
Anons